Kidnapping kàd nan Gresye: Enjenyè Maxon Fleury

Gresye____(TRiboLAND) Yon lò ka kidnapping k anrejistre nan samdi ki te 6 màs 2021, nan zòn Maryani, komin Gresye.
Bandi sangwen kidnape Enjenyè Maxon Fleury ki se petit vil Ti Gwàv, daprè yon jounalis lokal kredib. Zak kidnapping yo ki pa miltipliye anndan peyi mete gouvènman Jovenel Moise la nan 2 gren soulye li, sitou ak to anlèvman yo ki moutre ke Ayiti pa vivab.
Fleury travay kòm enjenyè pou yon ONG nan domèn enfrastrikti woutyè e konstriksyon ak reparasyon lekòl. Selon yon seri chif ki pa ofisyèl plizyè estime ke genyen plis pase 10 ka kidnapping chak jou Bondye mete.






