Komite atis yo nan Tigwav bloke wout nasyonal # 2 a, nan nivo Gaston nan lide pou mande otorite lokal yo ramase divès pil fatra nan zòn nan.

1,638

12-02-2022

Tigwav, Ayiti______(TRiboLAND) Komite Atis yo nan Tigwav (KOLAYPEG) bloke wout nasyonal #2 a byen bonè maten vandredi 02 desanm 2022 a, nan nivo Gaston, nan lide pou mande otorite lokal yo, entèveni pou ramase divès pil fatra ki gaye nan zòn nan.

Mam KOLAYPEG yo pa mete dlo nan bouch yo pou kritike otorite yo nivo lokal, yo di ki pa ekziste oubyen ki kwaze 2 bra yo ap gade gwo pil fatra kap degaje movèz odè nan nen sitwayèn ak sitwayen yo. Yon konpòtman sangwen ki kapab fè gro enpak negatif sou sante moun.

Yon lòt kote, komite atis yo nan Tigwav kritike yon seri moun kap fè biznis nan zòn bò kote fatra yo; tankou kredi finansye Acmé, Kadya Auto-parts, GSM ba restoran, Kenkayri Maranata, Kool sèvis foto koupi ak kay Jeff Auto-parts, yo di ki pa mete tèt ansam pou konekte lajan pou ramase fatra yo, pandan yo esplike yap vann, yap manje, yap bwè sou fatra, sa pa di yo anyen.

Sitwayen yo deklare, ke yo genyen gwo dout pou epidemi kolera a pa gaye kò li nan popilasyon tigwavyèn nan fas ak volim fatra ki simaye nan vil la dènye jou sa yo.

Nan sans sa a, komite Atis yo nan Tigwav lanse apèl bay otorite kominal yo pou fè prese-prese you kanpay sansibilizasyon ramase fatra sa yo ki sèvi adrès pou popilasyon an depi plizyè mwa sou wout nasyonal # 2 nan zòn Gaston, Tigwav.

Nap fè remake, sitiyasyon sa a, ta pral kreye yon panik total ki ta pral lakoz, chofè depatman Nip, Sid ak Grandans peyi a nan gwo tèt chaje pou te fè pakou va e vyen yo pandan bout jounen an.

JOICY Arnold.

Comments are closed.