Gang sangwen kap rekrite sou divès rezo sosyo yo, menase lavi yon latriye jounalis ayisyen

409
2
Share:
TRiboLAND

10 – 21 – 2024

Nan divès “live TikTok” bandi yo genyen yon odyans ki pran malen plezi bayo jarèt ak benediksyon e menm arive patisipe nan yon seri deba san santiman ki kontinye bay repiyans ak kè plen pa rapò ak nivo krim group kriminèl “Viv Ansanm” komèt atravè peyi a.

Dènyè derespektan pèmèt yo, genyen pou wè avèk chèf gang alatèt òganizasyon kriminèl la “Viv Ansanm”, Jimmy Cherisier ki pwofere gro tonton menas sou lavi yon ekip jounalis tankou: Johnny Ferdinand, Loucko Désir, Essaue César, Guerrier Dieuseul e latriye. Chèf tèworis la, ki ta sanble li anpann pawòl, ankouraje papa gang parèy li, Vitelhomme Innocent pou mete fen nan vi jounalis yo akoz yon seri kòmantè yo ta fè kont asosyasyon malfektè a.

Se konsa, TRiboLAND ankouraje jounalis konsène yo rete vijilan pandan yo dwe ranfòse nan tout nivo perimèt proteksyon e proksimite yo avèk nenpòt ki manm gang, patikilyèman sa yo ki nan sektè medyatik ak politik la ki genyen ramifikasyon avèk gang.

 Selon yon seri gro sèvo nan domèn teknoloji, deba sou rezo sosyo yo avèk gang, se yon lòt fòm inisyativ mèt dam ke kriminèl yo itilize pou ralye ou rekrite plis tèt fèb pou asosyasyon malfektè a. Malè avèti pa touye kokobe!

Share:

2 comments

Leave a reply