Konsèy Nasyonal Tranziston an eli Fritz Alphonse Jean kòm prezidan e Steven Benoît premye minis.

202
0
Share:
TRiboLAND

01/30/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan eleksyon ki mete anfas, ansyen gouvènè bank santral la Fritz Alphonse Jean ak Edgard Leblanc, Konsèy Nasyonal Tranziston anba lobedyans Akò Montana-Pen nan, eli ekonomis Fritz Alphonse Jean kòm nouvo prezidan ansanm avèk senatè lwès la Steven Benoît kòm nouvo premye minis, jounen dimanch 30 janvye 2022 a.

Li enpòtan pou konnen, Fritz Alphonse Jean ak Edgard Leblanc Fils sete 2 sitwayen sa yo kite pote yo kandida pou pòs prezidan, alòske Steeven Benoît, Jean Enold Buteau, Bonivert Claude, Guirlerne Raymond Charité ak Iswick Théophin te pote yo kandida pou pòs premye minis.

Yon eleksyon kite bay aksè ak 40 votan, 23 vote pou Fritz Alphonse Jean swa yon total 59.52% kont 15 vot pou Edgard Leblanc Fils swa 37.5%, epi 2 moun pa vote pou pèsòn.

Yon lòt bò, Steeven Benoît eli ak yon total 20 vwa, swa yon pousantaj 50, Buto 16 vwa, Claude 2 vwa, epi chak lòt kandida yo yon vwa.

Antouka, Konsèy Nasyonal Tranziston an bay Fritz Alphonse Jean pouvwa a, pou yon dire 2 lane alòske bò kote Ariel Henry li anonse nouvo prezidan an se pèp kap bay li. Nap rete swiv kouman sa pral fini!

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply