Sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn Dwa Moun nan nan komin Tigwav, Mèt Jules Romilus denonse zak bandi sangwen yo fè sou plis pase 12 moun nan komin Kabaret, lokalite Sous Matla.

1,205

12-01-2022

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn Dwa Moun nan komin Tigwav (VHDH) Mèt Jules Romilus, nan kad yon entèvyou li akòde laprès jounen jedi premye desanm 2022 a, nan biwo li, denonse zak kriminèl li di bandi san fwa ni lwa fè sou plis 12 sitwayèn e sitwayen. lè yo deside pase yo anba gwo fanm dife nan komin Kabarè,  lokalite Sous Matla nan lannwit madi 29 pou louvri mèkredi 30 novann 2022 pase a.

Militan dwa moun nan, Mèt jules Romilus kritike leta ayisyen li di ki kwaze 2 bra li ap gade bandi kap touye, kap volè ,vyole, kidnape popilasyon sivil la, san yo pa fè anyen pou arete yo e kwondwi yo devan la jisti, jije yo epi pini yo jan la lwa mande sa.

Defansè dwa moun nan deklare ke premye minis defakto Ariel Henry plen pouvwa pou mete lòd nan dezòd, se paske li pa manifeste okenn volonte  pou-l sekirize sitwayèn e sitwayèn yo selon konstitisyon an, pandan-l mande PM defakto a pou resezi li paske daprè li twòp san koule nan peyi a e sa pa di yo anyen.

Toutfwa, sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn Dwa Moun nan, Mèt Romilus fè konnen nan ensekirite san parèy sa nou ye la a, genyen nesesite pou yon fòs militè etranjè, ki kapab vin bay yon repons ak bandi yo kap detwi popilasyon sivil la.

JOICY Arnold

Comments are closed.