Anviwon 15 moun pèdi lavi yo,10 kay pase anba flanm dife, se bilan yon masak nan lokalite Sous Matla.

1,277

11-30-2022

Bandi san fwa ni lwa voye nan peyi san chapo anviwon 15 inonsan sitwayen ayisyen epi pase anba flanm dife plis pase 10 kay nan lokalite Sous Matla, komin Kabarè, sòti nan lannwit 29 pou rive 30 novanm 2022 a.

Kabarè, Ayiti_____(TRiboLAND) Sòti nan lannwit 29 novanm pou rive 30 novanm 2022 a, bandi sangwen ke pèsòn pa rive idantifye, masakre anviwon 15 malere ak malerèz, epi pase anba flanm dife plis pase 10 kay nan lokalite Sous Matla nan Komin Kabarè.

Abitan kap viv nan zòn nan, lonje dwèt jouda yo byen long sou gang Kanaran an ki mare sosis yo ak baz 5 segond Vilaj de “Dieu” ki genyen nan tèt li “IZO”, yon chèf gang kriminèl kap mete dlo nan zye  popilasyon ayisyèn depi plizyè lane.

Dapwè yon sous ke nou ka fè konfyans, masak sa a, fèt nan lide pou baz Kanaran an kapab pran kontwòl zòn nan.

Comments are closed.