Group gang sangwen Ti Makak bwile vif 2 moun, pami yo ansyen senatè Sid peyi a, Yvon Buissereth

2,184

08-06-2022

Petyonvil, Ayiti____(TRiboLAND) Group gang sangwen Ti Makak ki te soti Taraz e okipe Laboule 12 pandan plis pase 3 èdtan jodi samdi 6 dawou 2022 a. anpil gro detonasyon kout zam te fè kenken alòske anpil rezidan te oblije fèmen anndan lakay yo nan moman sangwen yo tap fè tantativ pou mete men sou ti komisarya Laboule 12 la.

Se nan katchouboumbe sa, machin ansyen senatè Sid peyi a, Yvon Buissereth ki te genyen yon lòt moun avè l ta pral atake anba vyolans yon group nèg ame nan Laboule 12, komin Petyonvil.

Daprè kèk temwen, sangwen yo ta sanble bwile senatè a ak pasajè a vif anndan machin nan ki se yon zo reken blan imatrikile: OF – 4160 ki korespnn ak anrejistreman machin senatè a.

Bruissereth ki se aktyèl direktè Antrepriz Piblik Pwomosyon Lojman Sosyàl mouri nan yon sikonstans trajik e revòltan; yon krim ki prouve yon lòt fwa ankò bandi gang pa dwe nan arete.

Comments are closed.