Jij yo nan tribinal de Pè pòdpè a kanpe travay pou pwoblèm efektif polisye.

1,000

J11-30-2022

Jij de Pè yo nan Tribinal de Pè komin Pòdpè, kanpe sou tout aktivite travay yo, jiskaske otorite konsène yo ogmante efektif polisye yo nan tribinal la.

11/30/22

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jij Maxime Dumagène, jij Yonel Obssaint, se non 2 jij nan Tribinal de Pè Pòdpè a ki fè yon arè travay pou kòz pwoblèm efektif polisye a kipa reponn ak kantite moun ki vin pran sèvis nan Tribinal sila.

Pou yo menm, li pa nòmal pou yon Tribinal de Pè kap desèvi tout yon komin epi se yon grenn polisye ki an sèvis, sa ki pizè, se lèl vle li prezan.

Nouvo titilè a.i. tribinal la, jij Yonel Obssaint apr`e divès gwo tapaj jistisyab yo fè nan absans grenn  polisye a, pa deside ditou, repran n travay san doyen Tribinal sivil Pòdpè a, Mèt Yves Marie Périclès, pa rive ogmante efektif polisye yo nan Tribinal la.

Pwomèt yap toujou prezan nan biwo yo, Jij de Pè yo fè konnen, se mèt kò ki veye kò!

Comments are closed.