Yon milyèm fwa malere inosan pa sispann viktim anba bal bandi sangwen ame nan Dèlma

837

04 – 01 – 2024

Dèlma, Ayiti _____(TRiboLAND) Fritz Emile 48 lane, tonbe anba bal bandi jodi lendi 01 avril 2024 la nan zòn Dèlma 30. Bandi sangwen yo kreye yon sitiyasyon panik ki te pèmèt tout machann nan gwo kouri, soti 11è 30 nan maten pou al bout vè 1è PM.

Komèsan 48 lane sila pa epanye anba rafal kout bal ki tap soti nan tout bout kwen; yon sitiyasyon ki te kreye anpil difikilte pou moun te evakyeanba katouch.

Nap raple, majorite zam ak minisyon ki anba men bandi sangwen yo kap ekstèmine sitwayen ayisyen yo, soti anndan peyi Etazini.


Comments are closed.