Bandi sangwen ki pa idantifyàb kidnape yon pilòt eksperimante APN

502

07/14/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Jacques Blemur, se non yon pilot Authorité Portuaire Nationale (APN) ki boure ak eksperyans ke bandi sangwen ki pa identifyàb kidnape madi apremidi 13 jwiyè nan ronpwen Bisantnè a, nan Pòtopwens.

Blemur ki te nan wout pou ale travay nan La Saline, te genyen yon lòt anplwàye APN nan machin li lòske bandi sangwen te deside poze lapat sou li alòske yo te kite lòt endividi a nan machin nan.

Konsekans: se pwèske tout anplwàye APN ki mobilize e kanpe travay pou egzije liberasyon san kondisyon Blemur ki se yon pyès enpòtan ke debakman gwo bato kap antre nan pò Pòtopwens lan depann de li chak jou Bondye mete. Si viktim nan pa relache, aktivite debakman gwo bato yo nan APN pwàl konplètman paralize!

Comments are closed.