Dràm : Yon estasyon revandè gaz propann eksploze nan Delma 33

1,364

04/30/2022

Delma, Pòtoprens______(TRiboLAND) Plizyè moun ta sanble blese ak yon katafal dega materyèl ta sanble egalman anrejistre akoz de yon poban eksplozyon ki fèt jodi samdi 30 avril 2022 a nan Delma 33, Pòtoprens.

Selon sa TRiboLAND jwen kòm detay, se ta yon kamyon gaz propann ki tap fè livrezon gaz nan estasyon gaz propann ki eksploze e ki ta okazyone yon parèy dràm nan Delma 33.

Bilan yo poko devwàle; sepandan selon kèk sous benevòl ta sanble genyen plizyè blese ak plizyè dega materyèl.

Comments are closed.