Grèv sendika chofè machin yo nan komin Senlwidinò pou mande jistis pou yon chofè bandi santi fò asasine

1,390

   11-30-2022

Senlwidinò, Ayiti (TRiboLAND) Sendika chofè machin yo ki asire transpò Senlwidinò – Pòdepè ak Ansafolè fè grèv pou mande jistis pou konfrè yo Ydson Charles bandi sanfwa moun pat rive idantifye, touye lachman nan Senlwidinò yè madi 29 novanm 2022 a.

Bandi sangwen yo ki te abò yon machin vit fume, te desann machin yo kalmeman e krible anba bal san oken fòm prosè Ydson.

Nan kad solidarite sendikalis, konfrè chofè yo mande lajistis fè chemen l pou frè yo jwenn yon ti lòsyè jistis. Yo pran detèminasyon pou yo rete mobilize jiskaske limyè fèt sou asasina konrè yo. Yon sitiyasyon ki lakòz anpil panik nan mitan popilasyon an nan Senlwidinò ki pa kapab evakye ak aktivite yo jounen mèkredi 30 novanm nan.

Comments are closed.