Yon mès chante nan Katedral Pòdpè a, nan memwa Éric Jean Baptiste

1,459

28 novanm 2022

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal RDNP ki gen nan tèt li Marc-Enson Joseph, Pè Etènèl Loto ak Otèl Holiday ki rele Gérard Jean Baptiste chèmèt chèmètrès, yon mès rekriyèm chante nan Katedral Pòdpè a jodi madi 29 novanm 2022 nan memwa ansyen Sekretè Jeneral RDNP a, PDG Pè Etènèl Loto, Éric Jean Baptiste ki te mouri asasinen 28 oktòb ki sot pase a.

 Plizyè dizèn manm RDNP te reponn prezan nan mès sila, e yo toujou pa kapab dijere lanmò lidè patriyotik enkonparab la, Éric Jean Baptiste ki sete yon vizyonè ou yon progresis ki pat janm gen pwoblèm menm ak moun ki te veritab advèsè li.

Daprè Jean Junior ki te prezan nan mès la, twòp san koule nan peyia, dwe gen yon bagay ki fèt! Peyia pa ka kontinye konsa, plis pase yon lane depi yon Prezidan asasinen, aktè politik yo pa janm fè anyen pou òganize eleksyon yon fason pou mete enstitisyon yo kanpe. Lavi chè, grangou, ensekirite, ayisyen kap pase mizè nan Sendomeng endinye-l kòm jenn gason ki anvi viv nan peyi-l.

Jean Junior tou pwofite takle gouvènman defakto Ariel Henry a, daprè li ki pap regle anyen nan tèt peyia. Pou li, Ariel se yon kriminèl, si gen yon bagay serye kap fèt, Ariel Henry ta sipoze anba kòd. Pou fini, li di: sanksyon Kanada ap bay yo pa vle di anyen paske peyi sa yo tankou “Etazini, Kanada ak Lafrans” kontribye nan efondreman peyi Dayiti a.

Comments are closed.