Yon premye ka kidnapping anrejistre nan lokalite Ofouno, 3è Seksyon Polen/ Lakòn.

1,002

04-23-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nèg ak zam pèsòn pa rive idantifye, kidnape nan zòn Ofouno, 3è seksyon Polen/Lakòn, komin Pòdpè, yon sitwayen yo rele Mercius Timothé, jounen samdi 22 avril 2023 a.Yo mare 2 men viktim nan, yo bat li epi ale ak li, dapwè sa direktè Radyo R.G 80 nan Pòdpè a esplike.

Ravisè yo gentan kòmanse ap negosye ranson (lajan) ak fanmiy viktim lan. Nou pa konnen si se estrikti pou sekestre moun ravisè yo pa genyen, malchans pou yo, viktim lan sove ki te kote yo te kache li a, ak men li tou minote, epi moun ki tap pase rive sove li, daprè sa direktè a rapòte.

Pou Daniel Loriston, direktè depatmantal polis la konnen dosye sila, toujou daprè sa sous li revele; malerezman lapolis pafè ni cho ni frèt.

Anpil zak ensekirite ap rive nan plizyè zòn ki pa nan mitan vil Pòdpè prèske chak swa. Lapolis ak pakè podyab santi yo konfòtab, pa gen anyen serye ki fèt jiska prezan pou sekirize popilasyon an! Okontrè, yon bon valè otorite lage kò yo nan rakèt ou kòripsyon gaz, biznis kontenè ak nèg Ti Bwadòm, koupe kou moun nan sèvis imigrasyon (paspò ak fo kat dèmalòg) ak fè dap piyanp sou tè malere.

Comments are closed.