Endividi yo pa rive idantifye krible anba bal Idson Charles, nan komin Sen Lwi Dinò

588

11-29-2022

Senlwidinò, Ayiti ____ (TRiboLAND) Idson Charles mouri anba bal bandi sangwen nan zòn Ti Rivyè, komin Senlwdinò jodi madi 29 novanm 2022 a.

Endividi yo pa rive idantifye kite abò yon machin koulè vè vit tinte krible yon chofè byenkoni ki rele Idson Charles nan zòn Ti Rivyè. Viktim nan pat menm gen chans pou rive lopital; alòske se avèk anpil trankilite ke bandi yo te kite sèn fiziyad la.

Selon detay, Idson Charles se ta yon chofè ki tap asire transpò Senlwidinò – Pòdpè. Selon temwanyaj kèk sitwayen, yo deklare ke Idson te sou wout la; li se petit Leïs Charles ki se moun Senlwidinò.

Comments are closed.