Nòdwès: Fwon Patriyotik Popilè (FPP) komemore 220 (7Av.1801-7Av.2021) lane kidnapping ki te mete yon bout nan lavi Toussaint Louverture

469

04/07/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Se nan yon anbyans san parèy, Fwon Patriyotik Popilè (FPP), yon branch nan opozisyon an komemore 220 lanne (7 av. 1801 — 7 Av 2021) depi kolon blan kidnapè yo te mete yon bout nan lavi potorik gason sa a, Toussaint Louverture prekisè endepandans peyi Dayiti. Kidonk, depi lè sa a, pèp ayisyen an pa sispann monte yon masuife anba men nèg kolon nwa melanje ak kolon blan ki toujou kenbe Nasyon Ayisyèn nan nan grangou, ensekirite, kidnapping, gaspiyaj 12 milya lajan CIRH, 4.2 milya kòb petwo Karibe.

Anplis, yo egalman fè dap piyanp sou tout tè Toussaint Louverture, Capois Lamort, Anperè Dessalines yo bay grandon ak kapitalis etranje. Konsa, yo ap kapab toujou kenbe pèp la nan grangou, daprè Kowòdonatè kominal Fwon an, Msye Canton Kensley ki mande pou pèp la kontinye kenbe flanbo mobilizasyon an yon mannyè pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa ak tout ekip PHTK a.

Pòtpawòl Fwon Patriyotik Popilè a, Me Kerly Dubréus, bòkote pa l, ki t ap reflechi sou deklarasyon Relijyon Pou Lapè a ki vle sèvi medyasyon nan Kriz k ap brase labil peyi a, Me Kerly Dubréus mande Relijyon Pou Lapè ki kote l te ye lè ekip PHTK a t ap mache kraze, boule, touye, kidnape pèp ayisyen an.

Kanta pòtpawòl annapre Fwon an, Maxo Noël, limenm tou, te vrèman animé menmjan ak Boukmann nan s eremoni Bwakayimam Pou mande Lakou Souvnans, Daka ki nan lavil Okan ak tout lòt fòs mistik yo ki toupatou anndan peyi an leve kanpe pou mete yon bout nan rèyn Jovenel Moïse la, ki rele tèt li Apre Dye..

Fòk nou di, Fwon Patriyotik Popilè a nan depatman nodwès la, mande pou popilasyon ayisyèn nan kontinye bat tenèb dèyè pouvwa diktatè a san rete yon fason pou fè echèk ak lwa referandòm konstitisyonel la, ki pa sispan danse nan tèt Jovenel Moïse ki konte fèt nan dat 25 jwun 2021 an.

Comments are closed.