Lapolis ak la jistis nan jiridiksyon Tigwav poze sele sou divès kay, depo ak tankè yo estoke gaz ilegal.

1,377

11-26-2022

Tigwav, Ayiti______(TRiboLAND) Otorite lapolis ak la jistis nan jiridiksyon Tigwav dekrete koukou wouj kont tout moun ki pran plezi yo pou yo estoke gaz ilegal swa anndan lakay, depo yo ou byen nan tankè. Operasyon sa a dewoule jounen vandredi 25 novanm 2022 a.

Otorite yo poze sele sou yon tankè gaz pou yon sitwayen ki rele Chacha nan lokalite Mawòz premye seksyon kominal TIGWAV.

Poze sele arive fèt egalman nan yon espas yo estoke gaz nan yon kontenè nan mache Vyalè epi chèf lòd yo prosede ak arestasyon 3 reselè. Estokaj gaz arive sezi egalman pou yon biznisman ki rele Anjan, nan lokalite Kitis 11èm seksyon Ravin Sèch, Tigwav.

Poze sele nan yon lòt espas yo estoke gaz pou yon sitwayen ki rele Arhentz Cadet epi sezi 22 dwoum gazolin ak plis pase yon douzèn galon nan yon zòn Ri Benwa nan Tigwav. 

Nap raple nan zafè estokaj gaz ilegal bay anpil laperèz; yon parèy fenomèn deja lakoz plis pase 4 moun deja pèdi lavi yo, plizyè lòt viktim grav anrejistre san konte yon pakèt kay ki arive bwile.

JOICY Arnold

Comments are closed.