Sekirite yon “Club 84 Lounge” nan Fort- Lauderdale trennen mete deyò 2 pitit gason ansyen chèf deta Michel Martelly pou endisiplin.

4,021

Fort Lauderdale____(TRiboLAND) Nan yon videyo kap laviwon dede rezo sosyal yo, plizyè ajan sekirite yon “Clud 84 Lounge” nan Fort Lauderdale nan Florid ki pote, trennen mete deyò kou chyen Dro X Yani, 2 pitit ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, pou kòz endisiplin nan sware vandredi 13 me 2022 a.

Katchouboumbe a eklate nan moman 2 atis pitit ansyen chèf leta devègonde a ki tap pèfòme te depase tan reglemantè a e yo te refize desann podyòm nan pou fè plas ak lòt atis yo ki te genyen pou pèfòme egalman. Atis Dro X Yani ki ta sanble pran kote papa yo, te refize kite podyòm nan nan yon pwen ke yo te rele jan sekirite yo ki te desann chalè yo sovajman nan mitan gro lèse frape fizik, ki okazyone Reberta Jusmé, manager 2 vedèt yo viktim nan bra.

Dapwè anpil kòmantè kap fèt sou sak pase a, yo rive fè konprann ta sanble nan moman an, 2 pitit ansyen chèf leta bandi legal la, pat ka rive fè diferans ant Ayiti, kise yon savann kote tout moun fè sa yo vle ak Fort Lauderdale, kise yon vil kote ke moun respekte moun e yo mache sou prensip ak règ ki mennen tout bagay.

Antouka, retonbe yo pa piti! Sa ki parèt tris e chokan, nan moman li tap kouri pran wout lopital pou boske swenyày medikal, Reberta Jusmé pèdi lavi li nan yon gwo kokenchenn aksidan nan menm sware deblozaj la, daprè yon sous pròch viktim lan.

Comments are closed.