Jij depè sipleyan nan tribinal Vyalè 1è seksyon kominal Tigwav la, Délicio Vernevil fè konsta kadav sitwayen Gérard Setoute ki pann tèt li.

1,149

11-27-2022

Tigwav, AyIti_____(TRiboLAND) Jij depè sipleyan katye Vyalè 1è seksyon kominal Tigwav la, Délicio Vernevil pwosede ak konsta legal kadav sitwayen Gérard Setoute ki pann tèt li jounen samdi 26 novanm 2022 a, ozanviowon 1 nè.

Selon jij Vernevil, sikonstans la mò Gérard Setoute ta genyen yon aspè mistik daprè sa li di fanmi viktim nan rapòte li; Gérard te prete yon zanmi li mil goud, depi lè li fin remèt li lajan sila a, li obsede pou li ta pann pwòp tèt li.

Mèt Délicio Vernevil ki di lap travay san pran souf pou-l moute dosye a epi achemine li nan pakè jiridiksyon Tigwav la pou swit legal yo.

Nap raple, pou ane 2022 a, genyen  plis pase 10 moun ki pann tèt yo daprè deklaration jij depè sipleyan katye Vyalè Tigwav la, mèt Délicio Vernevil.

JOICY Arnold

Comments are closed.