Nwèl nan tan lontan, Nwèl 2023, pou kèk abitan nan Jeremi se totalman diferan.

874

12 – 25 – 2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Nan tan lontan, pou fèt Nwèl nan Jeremi, plas piblik Émile Roumer ki lokalize nan Ri Émile Roumer, se te pi gran katye residansyèl vil Jeremi. Konsa, antan lontan, depi nan prelid sezon Nwèl la, te toujou genyen deklarasyon, lapwopte pou atire feta yo.


Poutan obsèvatè yo ki temwaye nan mikro TRiboLAND, di pou fèt Nwèl 2023 a, se yon desepsyon total kapital: fatra ,mazi dlo, otorite sangwen ak sankoutcha, dechè tout kalite , nan anviwoman plas piblik yo, ap anbarase lasal.

Fas ak yon parèy klima, responsab yo nan leta a pa sispann afiche anbisyon yo, ki se fè kò ak salte defason avèg. Kidonk, sa fè abitan yo chwazi rete lwen anviwoman an e pa pote enterè yo nan okenn aktivite, menm lè anpil moun fè kwè sitwayen ak sitwayènn nan yon sèten nivo konplis nan salmalaza vil Jeremi tonbe la ak mòd dirijan krizokal yo ki pa sispann pwomote kokorat.

Comments are closed.