Divès reprezantan Òganizasyon debaz e sosyo politik mande demisyon aktyèl katèl ajan ekzekitif enterimè meri Tigwav la.

258
0
Share:
TRiboLAND

08-10-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Plizyè reprezantan Òganizasyon debaz e sosyo politik pami yo: Mopere, Kolaypèg, Delko ak Kowalisyon, bay yon konferans pou la pwès sou plas Dame Tigwav la apwèmidi 11 dawout 2023 a.

Objektif konferans lan, dapwè responsab òganizasyon yo, se pou voye senpati yo bay fanmi Lilianne Pierre Paul ki tonbe nan yon dèy san parèy, yon ikòn, yon moun ki te batay pou libète lapawòl; dimèmkou egzije demisyon aktyèl komisyon kominal enterimè Tigwav la.

Militan angaje yo sèmante 77 fwa 7 fwa ke yo pap selebre fèt Sen patwòn yo Manman Notre Dame ak katèl meri ki genyen Junior Bonheur nan tèt li. Konsa, pou yo pwotestatè yo, komisyon sila a pase 2 lane ap grate santi, san li pa absoliman fè anyen nan komin nan pou amelyore soufwans popilasyon an.

Toutfwa, representan òganizasyon debaz e sosyo politik yo, mande sitwayen yo pou rantre an rebelyon ak pouvwa lokal Tigwav la, pou pa peye taks, e pou pa resevwa oken dokiman ki pote so lameri; konsa, yo estime se yon meri fantòm ki pa genyen adrès, pandan yo presize administrasyon pa konn fèt nan kladestinite ou anba tab.

Share:

Leave a reply