Gouvènman ayisyen egzije pou tout moun pote mas apati 11 Me pwochen

0 344

Pòtopwens____(TRibOLAND) Na yon kominike ki fè referans ak sikilè nimewo 001 25 Mas 2020 an ki gen pou wè avèk egzekisyon arè 19 Mas 2020 an ki deklare eta dijans sanitè, Pwimati anonse 30 Avwil dènye ke pote mas ap yon obligasyon sou tout tèritwa nasyonal la nan kad pou batay ak pwopagasyon kowonaviris la.

Gouvènman repiblik la fè li yon egzijans pou tout moun pote mas (cache nez) apati 11 Me 2020 jiska nouvèl lòd, dapwè kominike a ki pote sinyati Pwemye Minis Jouthe Joseph.

Kominike sa konsè tout antite sa yo: tout moun kap frekante lopital, magazen, chofè machenn, chofè moto, chofè taksi, pasajè transpò komen, sitwayen ou pyeton ki nan lari, nan mache e nan tout lòt espas piblik e latriye.

Konsa, Ministè Enteryè e Kolektivite Teritoryàl nan konkòday ak Ministè Lajistis ak Sekirite jwenn enstriksyon fòmèl pou puni nenpòt ki rekalsitran ou rebèl fas a yon parèy dispozisyon. Nap raple, kominike sa pa epanye kèk kategori pwofesyonèl tankou doktè e jounalis.

Leave A Reply