Gang yo mennen plan estratejik yo nan antouraj Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti a

1,222

03-30-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Gansterizasyon an ensipòtab okotidyen nan zòn metropolitan Pòtoprens la; popilasyon pa konnen ki sen pou yo rele anba malfrachyen ki kontinye ap anvayi rezidans pezib sitwayen.

Alantou Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti tounen jodi jodia, yon zòn kote genyen kidnapè sangwen ki danse kole ak rezo gang kap opera nan antouraj espas la. Sa pa genyen lontan, bandi sangwen yo arive kidnape yon sèten Jean Dickens Toussaint ak tout madanm li ki se Abigail Toussaint, ki se sitwayen ameriken.

Krim sa arive fèt nan antouraj ayewopò a e kidnapè yo mande yon afè 400,000 dola blan meriken pou liberasyon viktim yo ki anba men kriminèl yod epi 25 mas 2023, daprè yon sous familial. Selon yon seri endis, bandi yo ap sible koulya plis moun kap soti lòt bò dlo. Yo swiv yo e mete antènn akravat sou yo nan paraj ayewopò a, gras ak yon rezo kap fonksyone ki genyen tout kalite malfektè ladan’l.

Antouka, zak kidnapping yo ki ta genyen yon seri gro palto ak kèk manm gouvènman ki mare sosis yo ak bandi sangwen, ap miltipliye e li franchi yo lòt etap ki bay anpil dlo nan je.

Comments are closed.