Peyi Kanada anonse yap pran sanksyon kont 3 ansyen palmantè kòriptè nan peyi Dayiti.

1,470

Peyi Kanada anonse jounen samdi 19 novanm 2022 a, ke yo pral pran gwo tonton desizyon kont 2 ansyen senatè ak yon ansyen depite nan peyi Dayiti akoz men yo ki ta site nan zak kòripsyon.

11-19-2022

Otawa, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon kominike peyi Kanada mete deyò jounen samdi 19 novanm 2022 a, Minis Zafè Lòt Bò Dlo Kanada a, Melanie Joly fè konnen, otorite kanadyèn deside ajoute nan lis sal ansyen dirijan kowonpi nan peyi Dayiti yo, ki tranpe ragagan nan zak malonèt. Konsa, yo deside pran gwo tonton sanksyon kont Rony Celestin, Hervé Fourcand ak Garry Bordeau.

Gwo desizyon sa yo pran akòz peyi Kanada ta sispèk moun sa yo nan trafik dwòg, lave jajan ak dwèt long siperyè pandan pasaj yo nan palman ayisyen an.

Nan sans sa a, yo anonse yap sezi tout byen senatè ak depite kòwonpi yo genyen nan peyi Kanada.

Comments are closed.