Jij Fortunat mete sele sou Kolèj Miks Lesly Docteur nan vil Pòdpè

1,244

11-19-2022

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Jodi samdi 19 novanm 2022 a, vè 9è nan maten, Jij Fortunat akonpaye ak plizyè ajan UDMO mete tout materyèl bataklan Kolèj Miks Lesly Docteur deyò nan lari.

Depi plizyè ane Ronald Labranche ki te achte espas kote enstitisyon eskolè a la tap fonksyone a, daprè enfo ke nou jwenn, se ta nouvo pwopyetè espas la ki mande pou mete kolèj la deyò nan espas la. Selon yon pwòch CMLD, yo te konnen deja espas la pat pou yo, yo te deja ap planifye pou kite espas la.

Anpil moun nan kominote pòdepezyèn nan konsidere sa kòm yon desepsyon pou sa Kolèg Lesly Docteur reprezante, pou otorite yo ak pwopyetè espas la aji konsa. Yon aksyon anbarasman ke elèv, paran ak responsab yo pa dijere byen.

Comments are closed.