Nan kad yon boukantaj otaj, 3 relijyez pami 9 ki te anba men 400 Mawozo yo libere

490

04/22/2021

Kwa Dè Boukè_____(TRiboLAND)  Aprè yon antant ant otorite polisyè yo ak group gang sangwen “400 Mawozo” ki te kidnape relijyez ak relijye katolik yo, twa pami nèf otaj yo jwen liberasyon, dapwè yon sous ke TRiboLAND fè konfyans.

Anpil va e vyen tap miltipliye ant otorite yo ak 400 Mawozo, ki depi kèk tan defye e redwi kapasite operasyonèl PNH la ki parèt “Afebli” nan zye popilasyon ayisyèn nan.

Konsa, liberasyon 3 otaj katolik yo arive materialize nan kàd echanj yon bandi “400 Mawozo” ke otorite yo te genyen nan men yo e ki ta pràl jwen liberasyon li madi 20 avwil 2021 an.

Sepandan, gwoup gang sangwen “400 Mawozo” kap fonksyone nan zòn Kwa Dèboukè toujou genyen nan men yo sis lòt otaj kap pase peripesi.

Comments are closed.