Misyonè katolik Sè Claire Gagné, di planèt la babay

0 2,968

01/08/2022

Pòtopwens________(TRiboLAND) Sè Claire Gagné ki se yonn pami gwo pwàlou nan mouvman karismatik anndan Legliz Katolik nan peyi Dayiti, di planèt la babay vandredi 7 janvye 2022 a, li te genyen 90 rekòt.

Misyonè kanadyèn nan ki soti nan matris kongregasyon “Sœurs de la Charité de Saint-Louis” yo, te antre nan peyi Dayiti nan lane 1957. Li te dedikase tout vi misyonè li pou sèvi pèp ayisyen an. Konsa, kòm Sè Katolik, li te travay atravè diferan pwogram espirityèl ak edikasyonèl nan peyi Dayiti.

Dapwè responsab  Legliz Katolik yo nan peyi Dayiti, Sè Claire Gagné te fè santi pwezans li kote tankou: Boudon ak Matisan nan Pòtopwens, Okay, Kap Ayisyen ak plizyè lòt kote nan peyi Dayiti. Misyonè a te bay tout vi li nan travay ak kretyen katolik yo atravè tout peyi a. Li kite yon anpwent inefasab nan memwà tout sa yo li te deside sèvi.

Ke nanm vayan relijyez sa repoze nan lapè etènèl!

Leave A Reply