Tigwav: Kazèk 12èm seksyon kominal Dèfoug, Mèt NOSALITO SOLIMAN eksprime gro kè sote li genyen fas ak ekspansyon epidemi kolera a

1,252

Kodonatè katèl kazèk 12ème seksyon kominal Dèfoug TIGWAV la, Mèt NOSALITO SOLIMAN lanse yon vibran apèl bay leta defakto lokal ak santral, pou aseni vil la, yon fason pou evite epidemi KOLERA a anvayi komin nan.

11-17-2022
TIGWAV, AYITI ______(TRiboLAND) Prezidan katèl kazèk 12ème seksyon kominal Dèfoug TIGWAV la, mèt NOSALITO SOLIMAN nan kad yon entèvyou li akòde ak la près jounen mèkredi 16 novanm 2022 a, nan objektif pou lanse yon vibran apèl bay leta defakto lokal ak santral pou aseni vil la yon fason pou evite epidemi KOLERA a gaye kò li nan kominote tigwavyèn nan.

Kazèk NOSALITO SOLIMAN fè konnen, li genyen gwo kè kase ak lawouli fas ak epidemi KOLERA a li di ki deja komanse parèt tèt li nan rejyon gwavyèn nan pli patikilyèman nan komin LEYOGAN.

Premye sitwayen seksyon an, presize tout kondisyon deja reyini pou mikwòb KOLERA a anvayi komin nan, akòz gwo pil fatra ki simaye sou wout nasyonal #2 a ak nan divès kwen andan vil la mete sou sa, absans latrin ak dlo pòtab nan majorite seksyon riral yo.

Toutfwa, Administratè 12ème seksyon kominal TIGWAV la, mèt NOSALITO SOLIMAN konseye sitwayen, sitwayèn yo, pou aplike règ dijyèn yo, lave men yo, lave tout sa yap mete nan bouch yo pou evite yo trape epidemi KOLERA a.

JOICY ARNOLD

Comments are closed.