Yon papa nan Kwa Dèboukè touye pitit fi li gen 7 lane e antere l

344

Kwa Bèboukè___(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè sou yon radyo nan kapital la jodi lendi 22 jwen 2020 an, Jij tribinal Kwa Dèboukè a, Bernard Pierre Louis konfime ke Jérusalem Cadet, 34 lane arive touye pwòp pitit li, Shamika Cadet, 7 lane.

Dram sa ki fèt nan Kwa Dèboukè susite anpil deba ak konstènasyon nan tout bout kwen nan komenn nan, dapwè majistra Pierre Louis ki tap patisipe nan emisyon pwemye okazyon sou Rayo Tele Karaib.

Jérusalem ki koulya dèyè bawo, temwanye ke se li menm ki touye ti fiyèt la ak pwòp men li e antere l. Motif koupab la ta evoke gen pou wè avèk Shamika ki te refize rann li yon sèvis.

Comments are closed.