OJIMOLA lanse aktivite vizit ekotouristik nan mangwòv Ofouno

284
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti_____(TRiboLAND) Òganizasyon OJIMOLA, ki angaje li depi kèk tan nan jesyon ak pwoteksyon mangwòv nan zòn Ofouno, mete yon nouvo inisyativ sou pye pou pèmèt plis moun dekouvri ekosistèm sila ki gen anpil valè.

Pou rann vizit yo pi fasil, yo mete kayak disponib pou vizitè yo pou yo ka eksplore pi fon mangwòv la epi jwi bèl peyizaj li yo. Aktivite sa a antre nan kad efò òganizasyon OJIMOLA ap fè pou pwoteje, valorize epi ankouraje ekotouris nan rejyon an.

Nan okazyon sa a, youn nan responsab OJIMOLA, Mèt Emarcelo Désile, lanse yon apèl bay tout popilasyon Pòdpè ak zòn anviwonant yo pou yo kontinye vizite mangwòv Ofouno a. Li raple yo, ke sit sila se yon trezò natirèl ki merite atansyon, patisipasyon ak sipò tout moun Nòdwès.

Mangwòv Ofouno a konsidere jodi a kòm youn nan sit ekotouristik ki enpòtan nan depatman Nòdwès peyi a, kote vizitè ou toris lokal yo kapab jwenn opòtinite pou yo al rankontre ak lanati, pran konsyans sou pwoteksyon anviwònman an, epi viv yon eksperyans inoubliyab.

Share:

Leave a reply