Direksyon Depatmantal Polis Nòdwès la anonse ke li kraze plat gang 3 milyon ki tap simen laterè

1,671

11-14-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou matrake aktivite bandi sangwen yo nan depatman Nòdwès la, Direksyon Depatmantal Polis Nòdwès la anonse ke li kraze plat atè gang “3 Milyon” ki tap simen laterè avèk dèy.

Konsa, jounen ki te lendi 14 oktòb 2022 a, lapolis arive entèpele 7 bandi nan vil Pòdpè pou asosyasyon malfektè, vòl men ame, ak plizyè lòt aktivite kriminèl. Me non moun ke yo arete yo:

Élysée Carlos alias “Dyòl”, 30 lane, Louicéus Guerridson alias “tipiti” 20 lane; Ford Odnet alias Pa “néné”, 27 lane; Louis Augustin alias “lawouze”, 6 lane; Charles Rosalia alias “Zaya”, 35 lane; Cherry Esterlin, 37 lane ak
Simon Edlando alias “Twa Mylyon (3, 000, 000), 15 lane

Lapopo arive fouke malfwendenk yo aprè yon brakaj ki te fèt sou yon otobis nan zòn Tibwadòm, yon lokalite nan zòn Gromòn sou depatman Latibonit lan. Selon lapopo, bandi sa yo ki fè pati group gang “Twa Mylyon”, fè kolònn ak group gang Pandi a yon fason pou ransone moun kap frekante yon parèy  wout.

Direksyon Depatmantal polis Nòdwès la reyitere efò li pou kontinye trake bandi sangwen yon fason pou lapè ak trankilite piblik ki kapab garanti yon fen lane 2022 soup e sekirize.

Comments are closed.