Pòdpè : TRiboLAND klotire dènye jounen fòmasyon li yo e remèt chak patisipan yo yon sètifika.

2,910

08-12-2022

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Medya network TRiboLAND, klotire dènye jounen fòmasyon li sou fabrikasyon pwodui chimik ak endistriyèl ke l tap òganize nan lokalite Mòn Kayo, 3e seksyon kominal Polen/Lakòn, nan komin Pòdpè; konsa, li remèt chak aprenan yo, yon sètifika patisipasyon

Patisipan yo nan moman remiz sètifika yo, fè konnen se sèlman lè pral gen eleksyon yon moun ka jwenn chans patisipe nan yon fòmasyon gratis ti cheri. Nan sans sa a, yo remèsye tout fanmiy TRiboLAND lan ki te ede yo pandan 2 jou fòmasyon sila yo e pwomèt nan jou kap vini la yo, yo pral mete mak yo sou mache lokal la.

Pou wilson Dorcius ak Madam Pastè Luc, “fòmasyon sa a, se yon mwayen pou ede plis moun ki pakap sòti tèt yo”. Plede anfavè yon amelyorasyon nan zòn defavorize yo, sèvant Bondye a fè konnen: “se vre fanmiy TRiboLAND lan kapab jwenn anpil difikilte sou wout li, men ak sekou Bondye li pa pou dekouraje paske inityativ sa a, pral pèmèt anpil moun nan katye defavorize yo reveye ekonomikman.

Li enpòtan pou konnen, objektif TRiboLAND medya network la, se kanpe goumen tèt pou tèt ak ensekirite tout kalite.

Comments are closed.