Dr Miclaude Paul enstale kòm nouvo direktè Lopital Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè.

499
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti______(TriboLAND) Se jounen madi 27 me 2025 sila, Dr Miclaude Paul, rive enstale kòm nouvo direktè Medikal Lopital Imakile (HIC), nan vil Pòdpè. Dr Miclaude Paul, Obstetrisyen / Jinekològ, ranplase nan pòs sila, Dr Saint-Phard Gulnès, Entènis, transfere nan direksyon depatmantal Sanitè Nòdwès la.

Se direktè depatmantal sanitè Nòdwès la, Dr Metélus Héribert ki te pwosede ak enstalasyon sila a. Direktè Héribert, nan entèvansyon l, di li rekonnèt eta Lopital Imakile Konsepsyon jounen jodi a. Nouvo direketè a, Dr Miclaude Paul, gen anpil defi devan li. Defi sa yo pral leve parapò ak estrateji nouvo ditektè a pral mete anplas.

Nouvo dirèktè a, Dr Miclaude Paul, bòkote pa li, mande kolaborasyon tout moun alawonnbadè pou li kapab rive leve volim defi k’ap tann li yo pou li kapab rive refè vizaj Lopital Imakile Konsepsyon vil Pódpè ki te deja chifonnen depi djab pa ko kaporal.

Share:

Leave a reply