Mèt Ronald Richemond nome e transfere kòm nouvo komisè gouvènman pou Pòtoprens

1,552

11-11-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Rimè ki te vle fè kwè plizyè minis ki ta sanble genyen men yo nan rizyès ak danse kole avèk gang ta pral tonbe sou gouvènman defakto Ariel Henry a, ta sanble vle materyalize.

Komisè gouvènman bò tribinal premye Enstans Okay la, Mèt Ronald Richemond transfere sou menm tit la nan tèt pakèt Pòtoprens lan, daprè yon korespondans ke Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik, Mèt Berto Dorcé soumèt bay Sekretè Teknik Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a ki se Mèt Jean Robert Constant.

Antouka, Mèt Jacques Lafontant ki te nan tèt pakè Pòtoprens lan resevwa yon lèt “orevwa” kote ke yo reproche pou fot administrative grav ak dekoupe lèt ak dlo, kòripsyon, malvèsasyon aka bi otorite, oblije ale an disponiblite.

Konsa, deja genyen bras kap fèt bò kote “Le garde des sceaux” repiblik la ki deja envite Mèt Constant po upran dispozisyon ki nesesè pou prosede ak prestasyon Mèt Ronald Richemond.

Comments are closed.