Jean Sylvain: yon gro bandi sangwen Savyen anba kòd lapolis

846

12-04-2022

Ti Rivyè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gro tonton bandi sangwen, ki se mak fabrik gang Savyen, jwen arestasyon li maten dimanch 4 desanm 2022 a nan zòn Moro Douyèt, zòn Ti Rivyè Latibonit.

Chèf lòd Sen Mak yo arive poze lapat sou Jean Sylvain, ki genyen 27 lane e ki se yon natif natal Gran Salin, kap feraye nan Savyen. Prezime manm gang lan te pran monòt nan moman yon patrouy fòs lòd yo.

Comments are closed.