Gàdkòt mete men sou yon ti bato avèk 40 Ayisyen nan zònn peyi Kiba

0 294

(TRiboLAND) Gàdkòt Ameriken ki rele “Tampa” asiste apepwè 40 sitwayen ayisyen ke yon ekipaj marinn wòyàl nirland te entèsepte nan zònn Punta Maisi, 21 km Nòdès peyi Cuba ayè Samdi-a.

Ti ambakasyyon sa ki te trè fwajil te genyen abò li majorite gason san konte10 fanm ak twa ti nosan ki te jwenn asistans bò kote sekouris Gàdkòt yo.

“Nap kontinye detèmine e deplwaye sou efò yo e kolabore ak plizyè lòt ajans pou dekouraje tout imigran kap tante mete tèt yo andanje nan pwan wout lanmè pou antre ilegal nan peyi Etazini”, se deklarasyon Kòmandan Michael Vega atravè yon kominike ki fè eta de yon evantyèl “voye retounen” san pèdi tan imigran sa yo an Ayiti.

Leave A Reply