Yon jènn koure 26 lane vyole yon ti fiyèt 4 lane

915

07-12-2023

Okap, Ayiti_____(TRiboLAND) Se yè madi 11 jiyè 2023 a ke lapolis pwosede ak arestasyon Ricot Oscar, yon jènn koure 26 lane ki vyole yon ti lèzanj 4 lane, sou Katye Brlè nan vil Okap Ayisyen.

Kidonk, se Pòt-pawòl PNH la nan Nò peyia, enspektè Arol Jean, ki konfime enfo a. Jean deklare ke sante ti lèzanj viktim nan ap gazouye; l’ap resevwa swenyaj nan yon sant medikal, selon otorite legal yo nan depatman Nò a.


Comments are closed.