Konpayi S&H Global anonse lap reprann travay nan semèn kap vini la

970

11-12-2022

Karakòl, Ayiti __(TRiboLAND) Nan yon nòt ki soti nan administrasyon Pak Endistriyèl Karakòl la, responsab strikti sa anonse ke pak ap reprann aktivite yo semèn kap vini la.

Pak Endistriyèl Karakòl ki te fèmen depi 22 septanm 2022 a, ki fè anviwon 2 mwa san fonksyone, ap rekòmanse travay aprè responsab yo ta jwenn korespondans nan men Nreca.

Konsa, yo fè tout anplwaye konnen dimanch kap 13 novanm 2022 vè 2 zè nan aprè midi, yap kapab konfime remanbreman aktivite operasyonèl yo.

Nap raple, se te pou problèm gaz konpayi a te kanpe tout aktivite li yo.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.