Direksyon Lise Tertullien Guilbaud nan Pòdpè, mande pou elèv yo reprann chimen lekòl.

1,368

Nan yon sikilè ki pote non, Lise Tertullien Guilbaud nan Pòdpè, Direktè Marc-Antoine Pierre, mande pou tout elèv Lise a reprann chimen lekòl, demen lendi 14 novanm 2022 a.

11/11/22

Pòdepè, Ayiti_(TRiboLAND) Aprè yon gwo rankont te fin dewoule ansanm ak pwofesè yo, yè jedi 10 novanm 2022 a, direksyon Lise Tertullien Guilbaud a antann li pou resevwa elèv klas 7èm pou rive nan NSIV, demen lendi 14 novanm 2022 a, nan lè 8 : 00 nan maten pou seksyon maten an epi 1 : 00 nan aprè midi pou seksyon aswè a.

Li enpòtan pou konnen, pou anpil paran nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan site Kapwa Lamò a, reouvèti lekòl la rete ensèten parapò ak kriz devègonde kap efondre sosyete ayisyèn nan.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.