Gwo rankont “gran panpan” yè samdi a ant Daniel Foote, Ariel Henry ak Joseph Lambert sou kriz plisyè tèt peyi Dayiti a

766

07/26/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Anba lobedyans anbasadris Etazini an nan Pòtopwens, Madàm Michele Sison ak anvwaye espesyàl pou Ayiti a, Daniel Foote, san konte divès dirijan politik pami yo pwezidan ti miyèt sena a, Joseph Lambert, nouvo pwemye minis lan, Ariel Henry, minis afè lòt bò dlo a, Claude Joseph, direktè jeneral PNH la, Léon Charles, minis Jistis la, ak yon latriye antite nan sosyete sivil la e sèktè dwà moun tankou Pierre Éspérance pou nou site sa yo sèlman, te genyen yon tèt a tèt yè samdi 24 jwiyè a anndan anbasàd amerikèn nan.

Patisipan yo te ekspwime laperèz yo sou dènye zak asasinay ki fèt sou pwezidan Jovenel Moise la, ak vakans pwezidansyèl ki anpetre peyi a pi plis toujou, patikilyèman kontrent yon parèy absans koze nan kad òkanizasyon eleksyon yo ak nominasyon direktè jeneral yo sitou se sèl pwezidan an ki genyen yon pouvwa konvokasyon popilè antèm komis. Konsa, yo estime ke lap trè difisil pou jwe yon zèl kàt konstitisyonèl si se pa pwezidan repiblik la ki pou pwan yon parèy dispozitif.

Antite patisipan yo wè yon nesesite pou yon akò politik ki kapab fasilite enstalasyon yon pwezidan ki kapab adrese pwoblèm sekirite, kàt mèt dàm Dèmalòg la ak planifikasyon eleksyon jeneral yo pou resisite pèsonèl politik la ki nan pasaj.

Dapwè sa yon sous pami patisipan yo konfye TRiboLAND : ameriken yo ta sanble enterese nan bay yon “akò ant ayisyen”, avèk ayisyen” e “pou ayisyen” jarèt ak benediksyon yon fason pou deplwàtonnen kriz plizyè tèt la kap bay peyi a lanm!

Comments are closed.