Lansman Ofisyèl Pwogràm Nasyonal Kantin Eskolè na Nòdwès

402

04/14/2021

Kowòdonatris Pwogràm Nasyonal Kantin Eskolè a, Madàm Djina Guillet Delatour, akonpanye plizyè lot pèsonalite sou prezidans Jovenel Moïse la, lanse ofisyèlman Pwogràm Nasyonal Kantin Eskolè a nan lakou Lekòl Nasyonal St Joseph la, nan Pòdepè, madi 13 Avril 2021an.

Madàm Djina Guillet Delatour

Seremoni lansman ofisyèl saa te fèt anprezans direktè ak direktè adjwen Depatmantal Edikasyon Nòdwès la, respektivman pwofesè Weblaire Amiel Dufresne ak Mertilus Pierre René, Prezidan Ajan Egzekitif Enterimè Komin Pòdepè a, msye Josué Alusma, ansyen Majistra Komin Pòdepè a, msye Charles Guillet Salvador, vis-delege awondisman Pòdepè a, Msye Renard Jean Rivière, pou n site sa yo sèlman.

Prezidan Ajan Egzekitif Enterimè Komin Pòdepè a, Josué Alusma ki te pran lapwòl nan okazyon an, felisite otorite yo ki panse mete Kantin nan lekòl yo pou pèmèt chak grenn elèv lekòl nan depatman Nòdwès benefisye yon pla cho chak maten. Josué Alusma rapousuiv pou l di “oken timoun lekòl, sitou nan peyi Dayiti, pa kapab aprann si vant li vid. Alusma te pwofite lanse yon apèl bòkote otorite peyi Dayiti yo pou Pwogràm Kantin Eskolè saa rive touche chak grenn lekòl san enklizyon atravè depatman Nòdwès la ki toujou ap fè fas ak pwoblèm lamanjay.

Kanta Kowòdonatris Pwogràm nan, madam Djina Guillet Delatour, nan entèvansyon l deklare, pwogràm Kantin Eskolè saa, annatandan konsène elèv ki nan lekòl piblik yo sèlman akoz mwayen yo ki limite, men alalong ki pral rive jwenn lekòl prive yo. Madàm Delatour kontinye pou l di pandan pasaj li nan tèt enstitisyon saa, timoun lekòl yo pral manje nan diyite; kidonk, kèlkeswa enstans / patnè ki vle bay kout men pou avansman pwogràm nan, dwe fèt nan diyite.

Timoun lekòl yo ki se prensipal benefisyè pwogràm saa, e ki te reponn prezan nan lansman pwogràm nan, pa t kache satisfaksyon yo pandan yo pwofite fè responsab pwogràm nan kèk rekòmandasyon tankou: se pou manje yo fèt nan recho agaz pou evite debwazman ak koupe pyebwa nan peyi Dayiti ki anba gwo sekous malmakak debwàzman. .

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.