Mèri Kafou pran divès mezi nan okazyon fineray Éric Jean Baptiste, ak imòtalize-l

1,445

11-11-2022

Kafou, Ayiti ____(TriboLAND) Nan okazyon fineray Éric Jean Baptiste ki te asasinen nan dat 29 oktòb ki sot pase a, . Mèri Kafou pran divès dispozitif pou onore gwo potorik patriyòt sa, ak imòtalize-l. Lendi 14 novanm se konje nan tout komin Kafou; anplis otorite lokal yo opran desizyon pou ofisyèlman nome Ri Kot Plaj 18, Avni Éric Jean Baptiste.

Dimanch 13 novanm, apati de 10è nan maten se pral okazyon pou depoze jèb flè nan syèj sosyal Père Éternel Loto, ap genyen gwo veye Patriyotik nan sant kiltirèl Minisipal Emmanuel Charlemagne, soti 4è aprè midi pou rive 10è nan aswè. Tandiske, lendi 14 novanm, se pral fineray senbolik LEADER a nan legliz Notre-Dame du Perpétuel Secours, Kot Plaj 24, apati 9 : 30 nan maten.

Pleyad aktivite sa yo, se pou di babay a nimewo 1 Père Éternel Lotto a ou Sekretè jeneral pati politik RDNP a, Erick Jean Baptiste, yon papa bon kè pou anpil sitwayen ayisyen kap viv nan agoni, daprè yon enpozant majorite kominote atravè repiblik la, patikilyèman sitwayen nan Kafou. Erick pat sèlman enpòtan pou moun Kafou, men pou tout peyia daprè yon pwòch fanmi li. Li te yon politisyen modere ki te toujou respekte opinyon menm moun ki te konn anfas li yo.

Mèri Kafou ak Majistra Jude Edouard Pierre renouvle senpati yo bay tout fanmiy defen an, manm pati RDNP a, klas Politik la, anplwaye Père Éternel Loto yo ak tout zanmi Éric Jean Baptiste ki pa sispan seche dlo pou yon vrè pitit otantik lakay ki disparèt dramatikman. Ke nanm Eric Jean Baptiste poze nan lapè etènèl e ke espri li vizite sa yo ki presipite lanmò li e ki kontinye ap mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan!

Comments are closed.