Senatè Patrice Dumont mande pou Senatè Joseph Lambert demisyone kòm Prezidan ti rès Sena a akoz akizasyon Kanada ak Etazini yo

1,004

11/09/2022

Pòtoprens, Ayiti ____ (TriboLAND) Aprè gwo akizasyon Kanada ak Etazini kont Senatè Joseph Lambert ak ansyen Senatè Youri Latortue nan jou ki sot pase yo; kòm kwa otorite sa yo ta itilize sa yo ye ak iminite yo pou enplike nan trafik dwòg ak finanse bandi gang sangwen.

Konsa, Senatè Patrice Dumont ekri jodi mèkredi 09 novanm 2022 a, Senatè Joseph Lambert ki se Prezidan ti miyèt Sena a, pou mande-l demisyone. Yon demisyon daprè PP ki tap pèmèt Senatè Joseph Lambert layite kò-l yon fason pou l defann tèt li jan sa dwe ye.

Daprè Senatè Patrice Dumont, fwap diplomatik sa yo touche Sena Repiblik la jous nan zo, pa pale pou tout repiblik la. Pepe deklare se egalman yon demach lòt Senatè yo apiye.


Comments are closed.