Pap François nome 2 nouvo Evèk nan peyi Dayiti

355
0
Share:
TRiboLAND


05 – 31 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt vizitasyon Vyèj Mari jodi vandredi 31 me 2024 la, Pap François nome 2 nouvo Evèk nan peyi Dayiti. Pè Sander Louis-Jean ki se yon dyosezen ak Pè Wismick Jean-Charles, Monfòten.

“Mwen beni non Bon Dye ak remèsye li pou nominasyon sa yo”, selon Pap la. Li kontinye pou di, “mwen wè nan yo 2 moun Legliz la, 2 pastè ki devwe, senp, pridan epi ki byen fòme”.

Pap la ki swete 2 nouvo Evèk yo bon Ministè nan Episkopal, di 2 bra-l gran ouvè pou akeyi yo. Li mande tout fidèl Legliz la pou priye pou yo, pou Dyozèz Pòtoprens lan ak pou peyi Dayiti.



Share:

Leave a reply