Tigwav aktivite kiltirel: yon pye tamaren ki genyen yon pòte istorik

1,032

Mèkredi 09 novann 2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen majistra Asesè a, Delor DESGRANGES òganize jodi mèkredi 9 novanm 2022 a, yon aktivite kiltirel pou yon gwoup jèn n etidyan anba yon pye tamaren ki reprezante yon lye istorik pou peyi a, espesyalman pou vil Tigwav.


Ansyen majistra Asesè, komin Tigwav la nan okazyon an, fè istorisite pye tamaren an ki lokalize nan yon zòn ki rele Mache Dimanch.

Selon Delor, pye tamaren an genyen 3 dimansyon :
1) Mistik
2) Istorik
3) Touristik

Kote Mistik: genyen anpil gwo evènman ki pase anba pye tamaren an, epi grenn tamaren an geri divès timoun ki trape vant fè mal ak dyòk,

Kote Istorik,: se anba pye tamaren an Anperè Jan Jak Desalin te itilize pou l pran detant li, pou l te fè gwo deklarasyon sa a, “aprè tout sa mwen sot fè nan Sid, si sitwayen yo pa leve kanpe, konnen yo pa moun”.

Kote Touristik: daprè ansyen majistra a, genyen anpil gwo zotobre ki soti tout kote atravè peyi a pou visite patrimwan sila a, pandan l swete otorite lokal ak santral yo konstwi yon bis na espas la pou valorize pye tamaren an ki se patrimwan nasyonal peyi a.

Nap fè remake, ansyen mè adjdwen komin Tigwav la, Delor DESGRANGES presize ke pye tamaren Tigwav la genyen plis pase 2 san lane dekzistans pandan l pa sispann gade tout bote li, tout frechè li.

JOICY ARNOLD, Tigwav

Comments are closed.