Mèt André Michel: “bagay ki la nan tèt peyi a se yon “lobèy”

337

Pòtoprens____(TRiboLAND) Avoka ou militan politik André Michel deklare tout vye tantativ enbètè bò kote pouvwa Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) a pou klewonnen lafyèv eleksyon se mannigèt.

Selon Mèt André Michel ki t’ap entèvni sou Radyo Tele Karaib jodi vandredi 24 jwiyè 2020 a, dekri bilan PHTK a katastrofik. Jovenel Moise konnen byen tout sa l’ap fè la se demagòg ki montre nan ki nivo 10 lane fatra PHTK redwi peyi a; egzanp yon ti mamit pwa ki t’ap vann 350 goud avan PHTK, koulya ap vann 950 goud, daprè Mèt Michel.

Mèt Michel ki sètifye ke Jovenel konnen byen ke li pa ka fè eleksyon; “kòm li vle eseye, ki te li eseye,” daprè militan politik la ki kwè tout vye deriv diktatoryàl sa yo se yon fason pou kontinye kenbe pouvwa a pou evite prosè Masak Lasalenn ak Petrokaribe a.

Konsa, Mèt la konpare bagay ki la nan tèt peyi a kòm yon “lobèy” ki pa reyèlman genyen ase e ki pa kanpe sou anyen kèlke swa jan ou gade’l an konparezon avèk nivo konpetans lòt chèf Deta lakay vwazen an.

Pou André Michel, fòs demokratik yo koulya pli ke jamè detèmine atravè yon akò dangajman ap sansibilize yo pou arive debarase peyi a de PHTK. Se antre nan yon “tranzisyon djanm e antame prosè Masak Lasalenn nan ansanm avèk Petrokaribe a e dote peyi a yon lòt oryantasyon,” daprè Mèt la.

Comments are closed.