Komisè gouvènman Miragwàn nan demanti video ki ta vle fè kwè ke se moun Miragwàn ki ta anba men chèf gang sangwen Village de Dieu a

3,414

06-11-2022

Miragwàn, Ayiti_____(TRiboLAND) Komisè gouvènman Miragwàn nan Jean Ernst Muscadin kontnye ap lage muskad sou echikye politik la, patikilyèman tout sa ki gen pou wè ak flite bandi gang ak tout asosye gang dèyè rido.

Konsa, aprè ke chèf gang Village de Dieu a, Izo te lage yon video ki ta montre yon kantite moun Miragwàn ke li ta kidnape nan 2 bis ki tap fè trajè Pòtopwens – Miragwàn, Jean Ernst Muscadin ki se youn nan pèsonaj kap fè pale li nan flite bandi sangwen, te pote yon demanti fòmèl kont video a sa ki pa ditou genyen moun Miragwàn ladan l.

Muscadin demanti kon chyen tantativ chèf gang lan ki ta sanble pran yon pakèt moun tout kalite pou moute yon sinema ti komik kote chèf bandi a ap pale an “Mò vay kevay” la. Selon Muscadin, pa gen pèsòn nan Miragwàn ki gen pou wè ak sinema sa.

Muscadin pa sispann lage miskàd! Kesyone sou deklarasyon militant Fondasyon Je Klere (FJKL) sou “Dwà Moun” , madanm Marie Yolène Gilles ki te reklame revokasyon komisè a nan kad egzekisyon somè yon pwezime manm gang Village de Dieu “Zo Pwason”; komisè Muscadin deklare, mèyè bagay pou militant la ta fè se mete pye l nan Miragwàn e li pa tap pran tan sou yon baz legal pou prosede ak arestasyon Marie Yolene Gilles kòm pòtpawòl defansè kap pare kou pou gang yo anndan peyi a.

Antouka, Komisè gouvènman JEM mete FJKL nan plas li e kontinye detèmine pou flite ak miskàd tout malfektè gang sangwen kap simaye dèy nan popilasyon ayisyèn nan.

Comments are closed.