Kòdonatè KAZEK 4e seksyon komin Pòdpè a drese yon tablo kè sere sou sityasyon seksyon lap dirije a.

1,313

11-09-2022

Ervilus Momuste, kòdonatè Konsèy Administrasyon 4è seksyon Mawotyè a, sou komin Pòdpè, leve yon lis fenomèn kap ravaje abitan yo nan seksyon lap dirije a.

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Bagay yo grav, sityasyon sosyal ak ekonomik popilasyon an ap degrade chak jou pi plis. Lapli pa tonbe saki lakòz peyizan yo pa kapab rekòlte depi plis pase 4 lane konsekitiv; lavi chè, grangou, pwoblèm sant sante, pwoblèm wout agrikòl, lekòl ki pa fonksyone depi plizyè mwa, sa ki vin mete klou sou absè peyizan yo. Pou repete lidè #1 seksyon kominal Mawotyè a.

Ervilus Momuste bò kote pal denonse gouvènman defakto Ariel Henry a, ki bliye egzistans kolektivite Teritoryal yo, lèl fè konnen, yo genyen plis pase 22 mwa san touche yon goud nasyonal. Li kontinye pou l di, administrasyon seksyon kominal la nan lari. Kòdonatè a, bò kote pa li fè konnen, se yo menm ki te degaje yo kou mèt Jan Jak, pou te paye 2 lane fèmaj, pou li menm nan moman lap pale a yo dwe 2 lane, pwopwiyetè kay la riske mete yo deyò pou kòz ensòlvab. Li ale pi lwen pou l di Leta pa egziste.

Plede anfavè abitan yo, Ervilus Momuste fè apèl ak divès òganizasyon non gouvènmantal tankou: Èfè, GADEL, GIRADEL, kote l di yo pòt la ouvè, pou vin ede peyizan yo jan yo kapab nan sityasyon difisil yap konnen chak jou pi plis.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.