Fondasyon TRiboLAND ateri Roz Bonita ak yon seyans fòmasyon gratis pou jèn yo bliye yo

09 – 23 – 2024
Karis, Roz Bonit, Ayiti____(TRiboLAND) Gras ak konkou e detèminasyon Enj. Louendy Jean alyas “Loulou”, plizyè jèn fi ak jèn gason te enpoze prezans yo nan lokal lakay pè yo, nan Roz Bonit, 2èm seksyon kominal Karis, depatman Nòdès.
Yo te yon latriye aprenan ki tap chèche boske konesans ou metye manyèl ki kapab pèmèt yo devlope abilite konpetans nan domèn dekorasyon e latriye. Patisipan yo, tankou jan sa toujou ye avèk TRiboLAND, yo pat genyen oken senkòb chada pou yo peye; kòmanse sou enskripsyon, frè patisipasyon e rive sou dokiman; tout te gratis ti cheri!
Fòmasyon sila ki chita sou dekorasyon, ap dire 2 jou. Anpil bèl ide ak teknik inovativ te delivre anba lobedyans konpetans fòmatè Duveau Dalensky, yon pitit Nòdès peyi a.
Konsa, nan kad travay li pou fasilite fòmasyon gratis bay tout jèn nan tout ra kwen repiblik la, Fondasyon TRiboLAND ap kontinye bay jèn yo sèvis gratis, yon fason pou pa kite zòt sèvi ak yo nan pwostitisyon, gang ak debòch pwogram “Dwòg”, “Tisourit”, “Carwash” e “Atè Plat” tout kalite.







Triboland de savanette
Travay sa enpòtan anpil ke Bondye béni tout moun ki kontribye pou ede lén sa yo
Triboland la tortue montry
Konsa, nan kad travay li pou fasilite fòmasyon gratis bay tout jèn nan tout ra kwen repiblik la, Fondasyon TRiboLAND ap kontinye bay jèn yo sèvis gratis, yon fason pou pa kite zòt sèvi ak yo nan pwostitisyon, gang ak debòch pwogram “Dwòg”, “Tisourit”, “Carwash” e “Atè Plat” tout kalite.
Fondation Triboland Mombin-Crochu
Tribolend tout kote, bon travail.
Tribolend port de paix MST
Bravo Bravo fondasyon triboland pou bon travay wap fè pou anrichi konesans jèn yo
Triboland latòti fonkiyèz
Triboland la tortue fonkyz
Triboland tout kote mèsiii DG pou responsabilité ou anvè jèn yo
Triboland mont organisé
Triboland mont organisé