CADDOH ak SPNH-17 mete yo anfas CSPN pou fasilite polisye asasine yo jwen jistis

1,206

01-28-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan dènye jou sa yo, bandi akselere robinè san an sou polisye ak yon vitès “dridri e “san pran souf”; konsa, polisye yon tonbe! Pou inikman mwa janvye 2023 a, genyen anviwon 18 polisye ki tonbe.

Kidonk, nenpòt moun kapab remake, genyon yon moun ou yon group moun ki ta sanble ap jwe nan bouton kontwòl ensekirite a. Dènye konplo zak malonèt gang yo, okazyone anpil moun vinn dekouvri pirèd toujou jwèt malis kache gro tèt yo nan Wo Kòmandman Polis la, ki ta sanble dezangaje yo nan pa voye ranfò bay polisye ki nan yon seri operasyon.

Tèlman genyen repetisyon vye konpòtman iresponsab Gran Toryan sa yo, ki ta sanble ap travay nan enterè group gang yo; polisye mouri tankou grenn lapli anba konplisite Wo kòmandman ki programe yo pou pyèj ak pèlen gang yo. Sa fè nou sonje dràm blende Village de Dieu a e latriye. Konsa, dènye dràm asasinay gang yo fè sou polisye nan Metivye, nan Petyonvil, lage apse sou klou. Plizyè dwàt lonje sou konplisite manm CSPN nan ak tout Komisarya Petyonvil la.

Se konsa, youn pami yon seri ekspè nan zafè Lalwà lonje dwàt sou konpòtman CSPN nan ak Komisarya Petyonvil la ki ta sanble afiche yon kilpabilite nan chwazi refize pa voye ranfò bay polisye yo nan dènye asasinay gang yo sou polisye yo nan operasyon Metivye a.

Plizyè avoka kap defann dwà moun atravè CADDOH ak SPNH-17, fòmile yon konplent jounen vandredi 27 janvye 2023 a, kont manm reselè Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la pou asosyasyon malfektè ak iresponsablite nan chwazi pa voye ranfò bay polisye yo ki te andanje, daprè Atik 264 kod penal la. Si ta genyen malfektè ki koupab, lalwà prevwa yon pènn ki soti nan 6 mwa pou rive yon ane prizon.

Comments are closed.